ORIGIN LANNG KREYÒL AYITI A


  Orijin mo kreyòl la

Pale sou literati ak lenguistik kreyòl Ayiti se youn aksyon ki esansyèl nan devlopman nou ak nan aprantisay nou sou pwòp tèt nou. Men premye eleman fondamantal nan koze a, se konnen orijin mo kreyòl la ak divès teyori ki ap sikile sou ekzistans lanng kreyòl Ayiti a.

Mo kreyòl la genyen divès sans nan diksyonè kou Le Petit Larousse osnon Le Petit Robert depandan ane diksyonè sa yo te pran lari. Mo kreyòl la soti nan youn mo laten [creare] ki vle di kreye. Li pran youn kouch poud nan lanng pòtigè pou li tounen [criar], ki vle di fè levasyon timounn epitou patisip pase mo a nan lanng pòtigè a toujou vin bay [criado], elve youn timounn. Pi devan toujou nan lanng pòtigè, mo a vin gen sans domestik, ki fèt nan fanmi kote li ap rann sèvis la.

Ane yo pase. Epi youn tèminezon [oulo ] te vin ranplase tèminezon [ado] a nan mo [criado] a ki limenm vin tounen [crioulo]. Ak modifikasyon sa a sans mo a te vin chanje tou. Li te vle di esklav afriken ki fèt nan kontinan amerik la. Pi devan toujou mo [crioulo] a vin gen sans konpòtman ak abitid esklav yo nan Nouvomonn lan ( kontinan amerik la). Ane yo kontinye pase toujou, menm mo a vin gen sans abitid ak fason pale afriken kou ewopeyen ki fèt nan kontinan ameriken an ( J. Holm, Pidgins and croles 1988). Pi ta toujou, lanng kou franse, panyòl, angle ak dòtch vin natiralize mo [crioulo] a ak òtograf pa yo, pou li vin bay sans nou pral li la yo.


  Konsta


Premye konsta
: sòti nan ane 1980 yo pou rive nan ane 1990 yo sans lenguistik mo kreyòl la chanje nan diksyonè kou Petit Robert ak Petit Larousse.

Nan ane senkant yo mo kreyòl la te gen sans youn dyalèk lanng franse a, sepandan, rive nan ane swasant yo li rantre nan kategori lanng matènèl (Pradel Pompilus, 1983).

Anfen, sòti nan fen ane 1980 yo pou rantre nan ane 1990 yo lanng kreyòl vin jwenn plas li kòm lanng matènèl mounn ki ap viv nan Antiy yo ak nan zòn Oseyan Endyen epi yo mete sou li definisyon mo a nan domèn lenguistik.

Sa mennen nou nan youn dezyèm konsta, kote nou remake nan aprantisay youn lanng etranje gen youn etap ki pote non kreyòl (kreyolizasyon). Epitou nan domèn devlopman youn lanng, paske tout lanng sou latè pa te toujou jan yo ye jounen jodi a, gen youn etap tou ki pote non kreyòl (kreyolizasyon).

Kidonk, nan lenguistik mo kreyòl la gen sans youn etap nan pwosesis dev lopman youn lanng ansanm ak youn etap nan aprantisay youn lanng etranje. Anmenmtan an tou, li se non youn bann lanng yo rele lanng miks paske se melanj plizyè lanng ki kreye yo.

Se tout alevini sa yo nan divès sans mo kreyòl la kab genyen yo ki lakòz anpil save Ayisyen ap toke lide sou ki non nou dwe bay lanng nou pale a.

PajBèlantre | Lekti
Teyori sou orijin lanng kreyòl Ayiti a

Gen divès kalite lanng kreyòl. Fouyapòt lanng yo klase yo daprè lanng ki founi plis mo nan devlopman lanng kreyòl yo vle konsidere a. Nou gen youn kreyòl ki jwenn sous mo li yo nan lanng angle a, yo pale li Jamayik. Gen younn tou ki jwenn sous mo li nan lanng espayòl, yo pale li nan peyi kou Awouba, Kiraso eksetera. Gen youn kreyòl ki jwenn sous mo li nan lanng pòtigè, se li yo pale nan youn peyi kou Kap Vè, Ginen Pòtigè eksetera. Epitou, pou nou fini, gen youn kreyòl ki pran prensipal sous mo li nan lanng franse a, li nan de rejyon diferan: Oseyan Endyen ak Antiy yo. Nou jwenn kategori kreyòl sa a nan peyi kou Lareyinyon, Sechèl, Zile Moris, Ayiti, Matinik, Gwadloup, Sent-Lisi eksetera (Pradel Pompilus, 1983).

Nan kwaze lide ant divès kalite ekspè nan domèn lanng, tout kalite teyori parèt sou orijin lanng kreyòl Ayiti a. Genyen twa ladan yo ki trè popilè. Anvan nou etale teyori sa yo, nou dwe raple nou chak grenn teyori mache ak youn tandans dèyè li, kididonk, yo tout ansanm reprezante youn latriye lide ki gen kèk ne laverite ladan yo, men ki pa nesesèman bay tout laverite a san fè peche. Se poutèt sa tou, entansyon nou ..., se pa tabli sou okenn nan teyori sa yo, men depreferans fè nou konnen yo ekziste. Konsa, pyèsmounn pa pe kab ban nou zannana pou Sizann osnon kann pou banbou.

Daprè sèten lenguis, lanng kreyòl nou an se younn patwa ki kreye sou lanmè pendan vwayaj maren franse yo ki pa te pale franse ki te sèvi nan "île de France" lan.Mesye sa yo te pale pika, pwatven, nòman elatriye...Kòm yo pa te pale menm lanng, nan pale ant yomenm yo te vin kreye youn lòt lanng. Padanstan, bato negriye angle, pòtigè,olandè te konn fè komès ak bato franse yo.Sa te vin lakoz lanng mesye franse yo te konn pale a melanje ak lanng maren lòt bato negriye yo.Se lanng sa a daprè lenguis ki apiye teyori sa a, pirat franse yo vin aprann blan esklav, ki te rele angaje yo lè yo vin ap viv sou tè fèm. Se menm lang sa tou kolon yo vin pale ak eslav yo nan plantasyon yo(Léon-François Hoffman,1995).Pawòl sa a gen youn ti pwent verite ladan paske nou jewnn mo nòman , pika, eksetera, nan Kreyòl Ayiti a [Makwo, non pwason nan lanng nòman(maquereau) ak wouze(rosée)nan lanng nòman an toujou].


Gen gnou lòt kategori lenguis ki deklare kreyòl la se youn lanng afriken ki abiye ak vokabilè franse. La a ankò gen kèk verite paske nan konpare lanng kreyòl nou an ak lanng ewe yo, youn etnolenguis, tankou Serge Fuertes remake anpil similarite ant sentaks kreyòl nou an ak sentaks lang ewe yo. Youn ekzanp pami you dal lòt, se fason lanng kreyòl la fòme pliryèl li, kote nou wè pliryèl la krye avek youn mo ki ekri sou bò dwat mo ki dwe opliryèl la. Sa soti nan lanng afriken yo (Bilten Koukouy,1992).

Gen lòt lenguis anklò ki pa tande ki pa wè, yo di daprè obsèvasyon pa yo lanng kreyòl la se gnou lanng ki fèt nan plantasyon yo menm akozde fason divès gwoup esklav yo ki pa te pale menm lanng te obligje viv ant yomenm ansanm ak Endyen yo. Anfèt vestij kilti endyen nou jouin nan kreylòl nou an ansanm ak karakteristik kiltirèl divè etni afriken nou jwenn nan vodoun a (Alfred Métreaux, 1958) ta kab bay moun sa yo rezon tou.

Konsa, ki kote lanng kreyòl nou an soti? Kondi pwrofesè Nathan Ménard, nan Inivèsite Monreyal:«nou poko konnen».

Michel-Ange Hyppolite